Ou pa ka bezwen pou tout moun renmen’w

Se konsèy sa nou vle pataje avè’w, li yon ti jan baròk. Men li enpòtan pou konnen’l epi kòmanse aplike’l si toutfwa ou vle reyisi nan lavi.

makak

Trè souvan, sitou lè nou jèn e n’ap travay, nou ta toujou vle pou tout moun renmen nou. Nou bezwen lanmou tout moun pou yon rezon ke pafwa nou pa menm konnen. Mwen ta renmen aprann nou sa jodi-a, si’w bezwen ekonomize lajan’w, tan’w ak lòt resous ou posede ki ka ede’w reyisi nan lavi, ou dwe kòmanse diminye jan de bezwen sa yo lakay ou. Konsèy sa ankò plis valab pou yon moun ki ap viv an Ayiti. Pran yon ti tan pou’w reflechi epi w’ap konprann poukisa mwen ensiste sou Ayiti-a (Sinon ou ka mete yon kòmantè pou mande’m poukisa).

Pèmèt mwen di’w ke li difisil anpil e menm enposib pou yon moun ta rive jwenn tout moun li rankontre nan lavi’l renmenl e anplis, ak yon lanmou ki sensè. Pèsòn p’ap renmen’w san se pa enterè’l li wè an premye. E trè souvan, enterè’l pa fòseman se enterè pa’w. Pou reyisi atenn rèv ou yo, fòk ou pa pè ekate sila sa yo ki la pou bare’w larout. Ou p’ap ka ekonomize lajan epi byen jere resous ou yo, si ou toujou ap chache apresiyasyon tout moun.

Fòk ou aprann di NON, N-O-N, lè yon moun propoze’w fè yon depans ki pap bon pou ou. Ou pa ka twò likid.
Konbyen fwa pou fè yon zanmi, yon mennaj, ou yon fanmi plezi, w’asepte achte yon bagay ou pa menm bezwen menm? Oubyen ou asepte peye yon machandiz pou yon pri li pa menm vo ? Oubyen ou kite yon bagay ki enpòtan pou’w te fè pou ka al ranse avè’l. Ou pa ka pase vi’w ap fè sakrifis pou moun. Sispann depanse enèji ou ak resous ou yo inikman pou fè moun plezi. Fè sa ou sèten k’ap bon pou ou epi ki ale nan menm sans ak objektif.

Konnen byen: « ou pap janm ka rezoud problèm tout moun menmsi ou te pi bon gason ou fanm sou tè sa… »

Kounya se moman pou w panse ak pròp tèt pa’w tou.

Laisser un commentaire

Propulsé par WordPress.com.

Retour en haut ↑